​Feminis!Poukisa?

Feminis! Poukisa?

Feminis :Yon filozofi, yon atitidid politik ak sosyal ki baze sou egalite fanm ak gason. Feminis la defann enterè fanm nan sosyete a, amelyorasyon ak ekstansyon dwa yo.   Feminis lan tou ap travay pou opresyon ak diskriminason sou fanm fini ak  pou emansipasyon yo.
« Ki radòt feminis wap vin pale moun la? » Si yon jou nan lavi’w ou te deside milite pou egalite dwa fanm ak gason mwen sispèk fraz sa pafè’w sezi. Yo di’w li sou plizyè fòm e m konen moun nan zanmitay mwen ke repons la fè kriye paske yo pat janm panse ostilite a tap soti nan sen yo, gen lòt tou koze a leve plim sou do yo epi yo mete moun lan nan plas li.

Nou nan lane 2017 e mo feminis la jiska prezan gen yon move repitasyon ki fè anpil moun pa gen bon konpreyansyon fenomèn lan e ki sa yon moun ki di li feminis ap defann vre.

Bò isit,lè’w di ou feminis se rèl !Si ou se yon fanm, yo di’w ke se foli mal gason ou genyen e lè’w son gason menm yo prefere di’w gen ti tandans masisi ou wap jere tan pou yo konprann. Nan je anpil moun nan sosyete a yon fanm kap milite pou dwa fanm pa vle wè gason donk yo konkli li madivin.

Gen gason ki vin feminis poutèt respè yo gen pou manman yo,sè yo ak lòt fanm ki gen nan fanmi yo respè ak konpreyansyon yo depase kad fanmi a li rive pou lòt fanm yo rankontre nan kad sosyalizasyon yo,menm jan gen lòt tou ki feminis paske yo estime ke fanm lan se yon moun frajil ki bezwen dwa ak devwa sa se kategori « folifeminis » mwen rele yo paske se pou fè wè.

Mwen se yon gason e m chwazi revandike tèt mwen kòm feminis ak sipòte mouvman fanm nan peyi Dayiti kou lòt bò dlo.Feminis !Poukisa ? Premyeman, paske mwen pa kwè ke privilèj ta dwe yon zafè de sèks, mwen derefize tout privilèj ke yo ta vle banm paske mwen se gason,paske gason se « ti kòk ». Mwen ensiste sou merit mwen kòm endividi. Mwen leve e grandi nan yon anbyans manman ak matant kap leve timoun san mari. Tout sa m te konn wè gason an antouraj mwen ap fè manman’m ak matant mwen te konn fè l tou (leve bagay lou, sèvi ak mato,leve kapo machin pou verifye tout bagay anfòm elatriye). Travay mwen pèmèt mwen rankontre yon kalite fanm ki chwazi rantre nan filyè pwofesyonèl ki te rezève pou gason pandan lontan tankou karelaj, plonbri, mekanik ak klimatizasyon. Travay medam yo pa gen anyen enferyè a pa mesye yo.

Mwen feminis tou paske mwen kwè nan egalite chans pou tout kategori moun, tout koulè po ak tout orijin sosyal,chwa militans mwen an se yon rapèl de vale ki enpòtan nan lavimyo e se yon omaj tou a kout kalite fi ak fanm ke mwen rankontre pou yon rezon ou pou yon lòt kit rankont lan vini yon zanmitay oswa yon relasyon pwofesyonèl.

Yo mande m sa anpil fwa èske se pa etimoloji mo a ak mòd fonksyonman mouvman feminis yo ki fè gen yon kategori moun ki santi yon fòm eksklizyon ? Li lè li tan pou enkli gason nan konba pou egalite dwa fanm ak gason.

Nou nan lane 2017 li lè li tan pou noufèyonsèl,konba a pa yon kestyon fanm oswa yon kesyon gason,sak pare ann ale.Youn kore lòt.Viktwa youn se Viktwa lòt la !

Mwen feminis wi e ou ?

Commentaires

2 réponses à « ​Feminis!Poukisa? »

  1. Avatar de kanski Merveille
    kanski Merveille

    Nice talk!!

    J’aime

  2. Avatar de Da
    Da

    Mwen renmen sa a

    J’aime

Laisser un commentaire