
« Loveli te gen 5 lane,
paran li te abitye kite li ret lakay ou
lè bouske lavi pat pèmèt yo gade li anba je yo.
Yon jou ou rele Loveli pote sèvyèt pou ou, li
patko janm wè yon gason toutouni,
li te gen anpil kiryozite.Li tonbe poze kesyon,
si w te moun ou te dwe mande li soti,
li ap gade w ak admirasyon timoun gen pou granmoun yo rekonèt.
Ou pran plezi nan sa
ou envite li manye pati entim ou,
ou menm rive menen li nan chanm ou
pou sa dezabiye l.
Loveli te gen 5 lane,paran li te malerèz
yo pat janm panse pou yo pale li
pou granmoun kanay parèy ou yo.
Loveli te gen 5 lane,
ou monte sou vant li
,manmzèl panike,li dwe te kriye,li dwe diw lap toufe.
Ou pa moun se zozo w ki tap fè w mache.
San Loveli tache dra blan,
lè ou reyalize li pap respire ou fè pakèt ou,
ou kraze rak.
Loveli te gen 5 lane,
paran li ap antere li Sentann
yon kadejakè pran lavi li.
Loveli te gen 5 lane li te gen anpil rèv ! »
Kisa ki kadejak ?Kadejak se lè patnè seksyèl ou di w NON epi ou fosèl,kadejak tou se lè w ou itilize yon rapò fòs(entimidasyon,menas)pou ka rive fè seks ak yon moun ki pa vle.Si li diw wi paske li pè w se kadejak li ye tou.Asèlman se le ou tankou yon ti landeng nan kò yon moun malgre li di w fon poze !Asèlman pa oblije asèlman seksyèl men se yon fòm ki pi kouran !
Yon ti rapèl pou tout zanmi gason mwen yo,se pa paske rad la kout,ti pantalon an byen chita sou li ke sa vle di se bwa li bezwen yo fè pou li,padonen langaj mwen men yon aksyon kip a gen imanite ladan l konsa merite pou pale li ak mo ki ap fè moun sote !Zozo pa Zam tankou pawòl la di !
Nan jou yo anpil viktim kadejak ak asèlman pran lapawòl,sa fè nou sonje ke viktim kadejak ak asèlman pa make sou vizaj pyès fanm ni gason( se pa menm kantite a men nou pap femen je nou sou sa),malerezman lè w se yon viktim ni sosyete a ni antouraj ou pito fè w fèmen dyòl ou.Li pa enteresan pou yon viktim ap mache di li te viktim e si moun ki vyole w la se yon moun nan lantouraj ou,fanmi w pito chanje katye oswa fè w reyalize tout sa agresè a ka pèdi san yo pa sonje sa w pèdi ou menm : inosans ou !
Jodi a ti biyè a pa long,mwen voye nou al reflechi sou kadejak ak asèlman pou jan nap aji pa tounen yon agresyon sou yon moun nan lantouraj nou.
Jodi a se yo,demen se ka nenpòt kiyès !
Laisser un commentaire