Premye lanmou…

Premye lanmou’w,premye doulè’w…eske ou sonje kijan ou te santi ou premye fwa a ?

Premye fwa ou tap reyalize ke yon moun sòt kote’l sòti a li vin destabilze lavi ou ,li chanje abitid ou,ou menm rive vin yon sipriz pou pwòp tèt paw !

Premye lanmou mwen,adje ! Se apre plizyè lòt eksperyans ke mwen reyalize ke sete li premye lanmou mwen,premye batman kè mwen ,premye gwo kriz jalouzi mwen e premye chagren’m tou.

Yo di pa gen laj pou renmen,sa se vre paske mtonbe damou mte gen 18 lane,mte santi’m jènjan,mtap kleronen mte yon macho,mte menm pran plezi mache fè wè matrikil fiskal mwen.Mte telman li sou koze lanmou ak psikoloji ke mte santi mte sèl ekspè : tout ti zanmim tap mache mande mwen konsey e mte pran san’m poum koute yo poun aplike gwo koze mte konn ap li nan liv.

Yon madi swa,bon zanmi mte gen epòk sa rele’m,li deside fòk li prezante mwen yon zanmil nan telefòn,li Kafou Ayopò e yo vle mvin jwenn yo.Nan epòk sa mpotko fin gen libètè granmoun mwen moblije pa aksepte e nou komanse konvèsasyon an an telefòn,brit sou kou istwa youn ap makonen ak istwa lòt la,zanmi an tonbe ap pale anpil nou profite chanje nimero poun sa pale nan aswè(sete epòk « free-night »).

Madi swa sila lavim chanje,youn pa vle kite lòt la al dòmi,sa pat enterese nou ke nou se 2 elèv lekòl kogreganis e ke nou tou 2 gen poun leve granm maten poun al bouske la konesans.Nou pa janm dòmi e jou sa nou rekonèt verite ki genyen nan koze koudfoud la,mèkredi maten koum leve mpat imajine yon jou nan lavi’m san li.

Premye istwa lanmou’m sete yon peryòd dekouvèt :jalouzi,pasyon,kòlè,sete yon peryòd pou defye otorite parantal :ale na kanaval pouko’m poun sa fè nwit la ansanm,sete peryòd premye nwit deyò al dòmi kay zanmi ki pi gran pase’n ki tap resevwa nou apre bal.Se pat yon peryòd fitilite sèlman sete moman youn tap aprann viv ak lòt la,ak diferans li,youn tap aprann aksepte li antò.Premye lanmou mwen anrichi lavim nan plizyè nivo,menm jan an tou mpran anpil kout ba ladanl.Premye lanmou mwen fè mwen grandi,li fè mwen pouse zèl.Premye lanmou mwen chanje lavim.

Son istwa ki gen anpil chapit,premye a ta pral bout lavey egzamen bakaloreya,lè’w jèn ou pa kontrole emosyon ak reyaksyon ou ak menm tanperans ke nan laj granmoun.Nou goumen ak lavi e ak obstak nou fini pa rekonstri sak te detwi,nou siviv lòt separasyon,nou siviv gwo van ak loray anfen…

Mte ka chwazi lòt sijè mte ka chwazi lòt langaj men mte vle selebre rekonsilyasyon mwen ak ekriti nan lang zansèt mwen yo,nan lang ke yo te chante la libètè yo.

Mchwazi lanmou paske se yon valè ki fèm mache,se peche kache’m.Lanmou avè’m nou makonen nan yon yanvalou ki pa gen ni komansman ni lafen,nou sèmante youn pap kite lòt.Lanmou danse nan tèt mwen,nan ren’m,lanmou pral fe mo yo danse nan klavye a poum pote yo pou je nou,poum fè nou souri,men tou poun kriye ak sonje kisa ki fè nou se fanm ak gason.

Lizay pou nou !

8 commentaires

  1. Saïka Céus dit :

    Bravo GIO. M renmen tèks la. M renmen stil ou. Mo yo sòti san natirèlman. Ou tradwi inosans pasyon frechè. Bèl tèks. Ochan Pou literati kreyòl la

    J’aime

  2. Woody F dit :

    Premye lanmoum rete mystè lanati. Li pat pran vi kafou aeropo paske mw se Nèg kafou men rasinn Li te mennen, mennen kote lavi boujonnen limye lespwa, limye ki te konduim kotew poum te fè konesans Ak ou E menm rive wè lanmou kap jayi sou ou an.
    Gio! Kenbe la e teks ou an enteresan anpil

    J’aime

  3. Alain dit :

    Bravo Gio! Desideman ou gen plizie chapo

    J’aime

  4. Yasie dit :

    Super le texte. Tres bien charpenté

    J’aime

  5. Delicien dit :

    J aime bien ce texte..sa fèm sonje premye lanmou m…sitou sou plas kafou ayewopò…Bravo Gio.. Go …

    J’aime

  6. Da dit :

    Premye lanmou m kontinye grandi nan chak kolesere ki fè m mouye

    J’aime

  7. Alafolix dit :

    Ewa!!!

    J’aime

  8. Allan Exael dit :

    Lanmou pa gen klaksòn. Li pran ou nan moman ou pa atann. E lè ou ap viv premye moman nan istwa lanmou, se toujou pi bèl moman ki ka kreye bon souvni nan lavi ou.
    San ou pa bezwen konn jan istwa ka fini.
    Bravo Gio

    J’aime

Laisser un commentaire