Mèsi…

« Li menm:Mèsi pou lanmou ou

Mwen menm :Mèsi paske ou resevwa lanmou sila. »

Pòtoprens 3 oktòb lane 2017,

Ti doudou,Cheri’m lan,Ti Pam

Jodia se yon jou tankou tout lòt yo,mwen gade’w mwen tou tonbe damou ankò.Mwen pa konn si se je’w ki souri ban mwen depi nou kwaze.Mwen pa konen si se bouch ou ki ap fredone bèl  ti chante lè ou bò kote’m osinon si se po’w ki tranble anba karès mwen yo ki atire mwen plis.

Mwen konn repons kesyon yo deja, se lago map fè ak lektè yo.Mkonen Garens pral dim ke mwen pa ekri bon kreyòl,li pral pran plezi chache tout ti kote mwen boukante pawòl mwen pa konen yo ak mo franse.

Fafoe li menm kòkòday mwen pral ri,li pral voye bèl ti mesaj ban mwen.Nou pral brase lide sou sak te dwe di,jan li tap sonen pi byen si mwen te itilize yon mo nan plas yon lòt.

Saika pral mande’m kilè ou menm avèk li ap kwaze,Kate pral di mwen ke li bouke tann,Stevenson nonm lalo a pral fin li epi lap pataje tèks la,mwen konen tou li pap manke vin rakonte mwen koze manje.Paul li menm pap manke fè mwen remake ke enspirasyon an la depi se pou pale de wou,mwen ka imajine figi Giovanni kap tape yon mesaj ki pral fè’m ri dok la se baz mwen depi lontan.Plizyè moun mwen pap site ap reyaji tou yo chak dapre kalite moun yo ye a.

Tem retounen nan ti koze pan ou a…Mwen renmen’w, mwen pa sèlman renmen gade jan ou mache,koute vwa ou lè nap pale ak li bèl mesaj ou yo.Mwen renmen moun ou ye a,moun ki fèm abandone yon seri bagay,moun ki aprann mwen plizye lòt kalite bagay.Ou anrichi lavi mwen ak prezans ou.Ou chanje vizyon mwen sou lavi an jeneral mwen aprann pasyans yon kalite mwen pat genyen.

Mèsi deske ou toujou pare pou koute lide mwen yo menm lè yo pa sanble reyalis ni kòdyom,mèsi pou jan ou fè solèy lavi mwen leve,mèsi pou sa ou ye ak sa ou pa ye tou anfen mèsi pou moun ou ki te mwen ye a,yon atis ki pa fin konen kote li prale men ki kontinye kwè li va rive.

Mwen renmen ou !

2 commentaires

  1. Saïka dit :

    Wololoy tèks sa mache nan san m. Sa se yon pwezi likid. M ta renmen rankontre moun sa ki pote lank Pou w ap simen bèl kout plim sa yo. Kilè m ap wè l?

    Aimé par 1 personne

Laisser un commentaire