Janèt

Moun nan katye mwen rele mwen Janèt menm jan ak ti fanm ki chante a. Bon non mwen ?Non li pa enpotan se koze mwen pote pou nou kidonk nap kontinye lodyans sila ak non vanyan mwen.Mwen gen yon bèl ti djòb nan yon konpayi nan vil la,se pa bout anba mwen ki mete mwen la men li te ka fè tisa pou mwen alèz men sa tou se yon lòt koze.

Jodiya mwen rive nan biwo a,mwen wè tout medam yon an zing de kontraryete, bouda yo pa gen chita sòti nan direktris rive nan ti anplwaye.Mwen menm ki pa enbesil mwen mete kom deyò al gade sa kap pase isiba epi saw tande a manman lagras mwen al frape bab pou bab ak yon ti bonom li manke vide kafe sou mwen, tounis kribout mwen !Ti manzè santi li ta mouri men li sou bit granfanm li,gade ti nonm lan,twaze li men koze a gentan fini moblije tounen an biwo mwen men tout moun nap gade mwen yon jan dwòl mwen sispek tankou chen ki pete legliz,pinga mwen mal fe yon sousi non,se nan machin lan mwen tap makiye e mesye ki tap ban mwen woulib la te sakaje mwen anpil nou konen jan wout Potoprens pa dous apre lapli.

  Rantre mwen rantre se miwò map chache,yon jèn fanm gen yon jan pou ye,talè ou ta tande limena tonbe,mwen konen lang moun isit yo ! San mank yap koud rad sou ou e  yo se moun pou mete sou sa ki pa genyen.Mwen tande frape le mwen vire  mwen we yon kalite bel zèv ki Leseyè fe yon dimanch kan menm apre bon ti manje enteresant mwen konn wè yo epi li kage yon kola deyè li,koul fin rann gaz la li al met misye nan fou e li voye li pou vin toumante fanm.

-Eskize mwen wi madanm mwen manke vide kafe sou wou pandan map chache wout mwen,si mwen te sal rad la wa fè mwen konen poum sa voye li nan dray pou wou.

-Wap travay isit la mesye ?Mwen kontan rekonèt ou wi !

Mwen te gentan pwoche pi pre pou mwen akeyi li jan sa dwa,mwen envite li chita epi saw tande lodè kò li anvayi tou nen mwen. Pou janm mwen konen mwen se yon fanm ki pile se premye fwa mwen te santi mwen sakaje konsa.Nonm lan santi bon,li gen bon pawòl lap pale mwen pèdi nan gade tet dyòl li.

Nou pa mande mwen koze men mwen santi mwen tankou manman poul ki we mayi grenen mwen ta beke tout sa mwen we ate a.

Li rele Michèl li gen 24 lane,li se moun ki pi jèn pami ekip la.Match la rèd !

Midi boul ! Mwen pase tout komansman jounen ak prezans ti nonm sila kap toumante mwen anpeche travay blan ban mwen pou fè a fèt.

Epi mwen rive fèmen je mwen…

Mwen toutouni sou biwo a, men tinonm lan ap jwe yon lago deli sou ko mwen.Pwent tetem an bandisyon yap pike nan direksyon syèl tankou se louwe yo pral louwe,gras lamizikòd souse yo non Michèl.

Toune krizbout mwen ti nonm lan deside lanbe m mwen ! Tann dat map di map fol jodiya genle se jou a ki rive,kè mwen ak nanm mwen tou de reyini nan fant janm mwen.Misye se sel mèt lavi mwen.

Sa twòp atò moblije woule pwent tete yo map monte Pik Makaya tankou moun kap fe lakous se anmwey mwen ta rele : manvi toufe si telman li konn tout pwen sansib mwen.

Pou jan misye chanje vitès sou mwen li sanble li se gwo chofè ki ka fe wout andeyò.Tann dat mwen nan gason pou se la sou ti biwo moun yo pou map vizite lesyèl san mwen pa mouri…

-o cheri ou fèm dous,gras lamizerikòd,papi mwen vle esklav ou fèmen mwen lakay ou pa kite m soti.Mare mwen nan pan kabann lan levem ak zozo kouche ak zozo epi tanpri lanbe mwen bò midi pa banm manje tout saw fe yo ap sifi mwen.

-ti manmi mwen poko ap baw zozo non fòm elimine tras tout ti vakabon ki pase anvan mwen yo , map vale ni mwèl ou ni nanm ou jodiya. Nèg Gonayiv pa bay piyay poze w !

Mwen dekontwole,mwen pèdi nosyon tan ak kote mwen ye sèl sa mwen konen tout alsiyis li pat ka sòti talè a pran lari an gran fanm menm mwen menm mwen sezi…

Epi yo frape pòt biwo a…

Mwen pantan,mwen ranje chita mwen.Dwèt mwen se timoun fwonte yo te gentan nan fouk mwen.Vizit la pat mande rete men mwen gouye pou fel ale. Mwen pral nan misyon !

-Bonswa medam eske se la biwo Michel la ?Li fèk vini isit la !

-Wi se mwen wap chache Madam… ?

-Janèt !Mwen gen yon bagay pou nou pale.

Li pouse pòt la deyè mwen, ti manzè pa egare sa mwen vin chache map jwenn li !

Nwit la pral long pou Michèl avèk mwen !

Laisser un commentaire