#Mwenmenmtou

Pou fanmi,pou Zanmi,pou Fanmitay,pou moun mwen pa rekonèt,pou moun ki paka pale,pou sa ki ale anvan yo te jwenn kouraj pale.FÒS

Mwen te fè w konfyans epi w pwofite pou abize m.
MWen pa anvi padone w, dayè ou pa menm merite sa, men manvi konprann (m anvi libere m).


Moun tankou w yo toupatou, yo se gwo chèf nan sosyete a,yo se fanmi ak zanmi nou lougawou pa make sou vizaj nou.Zak ou a sete sèl jan pou w te domine m nan yon anviwonman kote mwen pa t baw tout pouvwa ou te espere genyen sou mwen.Se pa t jwisans lan ki te enterese w, se santiman gwonèg sa pou te ka di ou fè yon viktim anplis : mwen konen lis la long !   Ou kraze m san w pa konen, ou pa menm pran konsyans sa w fè a nan tèt ou se pa t eksprè tankou mwen te ka pran moso koze sa mwen kouche sou kote l.Ou san mounite ou gade m nan je pou vomi malpwòpte w la.
Ou san koutcha w ap mache sou moun w ap menm eseye tounen pami zanmitay mwen.


   Ou kraze m. Wi mwen avwe w sa, ou kraze moral mwen, ou kraze kado sa m te genyen an,ou kraze jan m gade tèt mwen.  Senk fwa mwen te eseye fini ak sa poutèt ou menm.  Senk fwa m eseye abandone lavi. Chak mwen te konn gade kamyon mwen te santi m ta plonje ba yo pase sou fyèl mwen, lakay mwen pa gen gwo medikaman depi kèk jou : satan mwen konn vwa w.Ou pa ta dwe janm gen lapè nan lavi w moun ki merite lapè yo pa genyen l pouki pou w ta posede l ?

   Ou kraze m. 


Mwen pa t menm ka parèt lajistis peyi Dayiti pa rekonèt moun tankou m yo.Zanmi lapolis mwen yo te prefere di m met granmoun sou mwen kite sa dèyè do m. Menm Dyab nan peyi m pa t vle manje vlen sou vyann ou.    Ou kraze m de fwa : jou w lage m bò lari kou sak fatra devan kay malerèz ak jou mwen te oblije mete fanmitay mwen yo chita pou rakonte yo ki modèl avadra mwen te gen nan lavi m.   Ou kraze m paske manman w  pa konn istwa kadejakè w yo.    Ou kraze m : mwen pa menm panse mwen merite eskiz ou,mwen pa menm bezwen remò w paske mwen pa gen tan pou kalte koze kremòl sa yo ak ou,bonjou w pa t janm laverite.Mwen grandi se pa gras a ou,mwen mache chache w jouk mwen jwenn ou.Mwen gade w nan je pou m vide sa k te nan mwen : lwaye lespri m twò chè pou m ta kite w kalbende ladan l.  Mwen pa chwazi nonmen non w pou m pa detounen w paske wi mwen antere ou menm ak tout ras ou yo.  Mwen sèmante pou m pa janm kite lespri w,nwit yo ap long paske w ap doute ke mwen ka mache pran w. 

 Ou kraze m men wi map mache pran w mwen bati yon listwa ki pi gran pase w Linivè beni mwen ak sa lajan p ap janm ka achte  


Ou kraze m jiskaske m reyalize se koube m te koube m pa t kase. Ou kraze m jiskaske m rive ranmase m ti miyèt moso epi rekonstwi m. 
E oumenm, nan oumenm, Ou panse w kraze m ?


Non!!! Ou jis banm kouraj pou m rakonte w s on kadejakè.Ou p ap janm plis pase sa.Ou pa merite non yo bay moun.Se pou Lemonn sonje w sou non sa
Alòs w panse w kraze m ? Koulangyèt manman w KADEJAKÈ

Commentaires

3 réponses à « #Mwenmenmtou »

  1. Avatar de Phrison
    Phrison

    Non yo pa moun ! Viktim nan pa koupab

    J’aime

  2. Avatar de Julien
    Julien

    Émouvant!
    Terriblement profond!
    Puissent les victimes avoir la force de se relever et de continuer à vivre leur meilleure vie!

    J’aime

  3. Avatar de Marc Didier Dévalus
    Marc Didier Dévalus

    Trè bon texte.

    J’aime

Laisser un commentaire